Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
I SAMUEL
Prev Up Next
Chapter 11
I Sa Haitian 11:1  Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.
I Sa Haitian 11:2  Men, Nakach reponn yo: -M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont.
I Sa Haitian 11:3  Chèf lavil Jabès la di li: -Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pesonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou.
I Sa Haitian 11:4  Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesaj la, tout moun pete rele byen fò.
I Sa Haitian 11:5  Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, pouki tout moun t'ap rele konsa. Yo di l' sa moun lavil Jabès yo te vin di yo.
I Sa Haitian 11:6  Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè.
I Sa Haitian 11:7  Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.
I Sa Haitian 11:8  Sayil sanble yo bò lavil Bezèk pou l' pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil (300.000) sòlda ki te moun pèp Izrayèl ak trantmil (30.000) ki te moun fanmi Jida.
I Sa Haitian 11:9  Yo rele mesaje ki te soti lavil Jabès yo, yo di yo: -Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesaj la yo te kontan anpil.
I Sa Haitian 11:10  Yo voye di Nakach: -Denmen n'ap rann tèt nou ba ou. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avèk nou.
I Sa Haitian 11:11  Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn.
I Sa Haitian 11:12  Lè sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa: -Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo.
I Sa Haitian 11:13  Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la.
I Sa Haitian 11:14  Epi Samyèl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a.
I Sa Haitian 11:15  Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Seyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.