Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
ZECHARIAH
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14
Prev Up Next
Chapter 6
Zech Haitian 6:1  Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv.
Zech Haitian 6:2  Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l'. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l'.
Zech Haitian 6:3  Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l'. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l'.
Zech Haitian 6:4  Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Sa sa yo ye, mèt?
Zech Haitian 6:5  Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fèk soti devan Mèt tout latè a.
Zech Haitian 6:6  Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la.
Zech Haitian 6:7  Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t'ap pyafe, yo pa t' ka tann ankò pou y' al toupatou sou latè. Zanj lan di yo: -Ale toupatou sou latè! Yo kouri ale toupatou sou latè.
Zech Haitian 6:8  Lèfini, zanj lan rele m', li di m' konsa: -Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Seyè a tonbe.
Zech Haitian 6:10  -W'a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fèk rive soti lavil Babilòn.
Zech Haitian 6:11  W'a pran ajan ak lò yo te ba ou yo, w'a fè yon kouwòn, w'a mete l' sou tèt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprèt la.
Zech Haitian 6:12  Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.
Zech Haitian 6:13  Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze.
Zech Haitian 6:14  Kouwòn lan menm va rete nan kay ki apa pou Seyè a. L'a sèvi pou fè moun toujou chonje Eldayi, Tobija, Jedaja ak Jozyas, pitit gason Sofoni an.
Zech Haitian 6:15  Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.