Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
SONG OF SOLOMON
1 2 3 4 5 6 7 8
Prev Up Next
Chapter 4
Song Haitian 4:1  Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad.
Song Haitian 4:2  Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen apre yo fin koupe lenn sou do yo. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.
Song Haitian 4:3  Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.
Song Haitian 4:4  Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj.
Song Haitian 4:5  Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte k'ap manje nan jaden flè.
Song Haitian 4:6  M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve.
Song Haitian 4:7  Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!
Song Haitian 4:8  Ann al avè m' non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba.
Song Haitian 4:9  Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen. M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m' pèdi tèt mwen.
Song Haitian 4:10  Ala dous karès ou yo dous, sò mwen, bèl nègès mwen! Karès ou yo pi dous pase siwo myèl. Sant kò ou pi bon pase tout kalite fèy santi bon.
Song Haitian 4:11  Bouch ou gen gou siwo myèl, bèl nègès mwen! Anba lang ou menm, se lèt ak siwo myèl. Rad sou ou gen menm sant ak rakbwa mòn Liban an.
Song Haitian 4:12  Sò mwen, bèl nègès mwen, ou tankou yon jaden kache, yon sous dlo yo fèmen dèyè miray, yon fontenn yo sele.
Song Haitian 4:13  Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi. Y'ap bay bèl grenad byen dous. Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm,
Song Haitian 4:14  tibonm ak safran, sitwonèl ak kannèl ak tout kalite pyebwa ki bay lansan, lami ak lalwa, ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant.
Song Haitian 4:15  Fontenn jaden mwen an, se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre soti nan mòn Liban an.
Song Haitian 4:16  Van nòde, leve non! Van swèt, kouri vini soufle sou jaden mwen an! Plen lè a ak bon sant. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje nan pi bon fwi yo!