Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
I KINGS
Prev Up Next
Chapter 10
I Ki Haitian 10:1  Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.
I Ki Haitian 10:2  Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.
I Ki Haitian 10:3  Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil ni pou li reponn ni pou li esplike.
I Ki Haitian 10:4  Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.
I Ki Haitian 10:5  Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.
I Ki Haitian 10:6  Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!
I Ki Haitian 10:7  Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan.
I Ki Haitian 10:8  Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
I Ki Haitian 10:9  Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
I Ki Haitian 10:10  Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.
I Ki Haitian 10:11  Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè.
I Ki Haitian 10:12  Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò.
I Ki Haitian 10:13  Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte lòt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.
I Ki Haitian 10:14  Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
I Ki Haitian 10:15  san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.
I Ki Haitian 10:16  Salomon te fè fè desan (200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv.
I Ki Haitian 10:17  Li fè fè tou twasan ti plak pwotèj an fè, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an.
I Ki Haitian 10:18  Li fè fè yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen.
I Ki Haitian 10:19  Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon.
I Ki Haitian 10:20  Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lòt peyi ki te gen fotèy pou w'a parèy ak fotèy sa a.
I Ki Haitian 10:21  Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen.
I Ki Haitian 10:22  Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
I Ki Haitian 10:23  Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
I Ki Haitian 10:24  Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.
I Ki Haitian 10:25  Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.
I Ki Haitian 10:26  Salomon te sanble mil katsan (1.400) cha lagè ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm.
I Ki Haitian 10:27  Pandan tout rèy wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.
I Ki Haitian 10:28  Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la.
I Ki Haitian 10:29  Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.