Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
I SAMUEL
Prev Up Next
Chapter 19
I Sa Haitian 19:1  Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l' yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil.
I Sa Haitian 19:2  Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm.
I Sa Haitian 19:3  Mwen menm, m'ap soti, mwen pral jwenn papa m' nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l' reponn mwen, m'a fè ou konnen.
I Sa Haitian 19:4  Jonatan t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l', li t'ap di konsa: -Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou.
I Sa Haitian 19:5  Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen?
I Sa Haitian 19:6  Sayil koute Jonatan, li fè sèman, li di l': -Mwen fè sèman devan Seyè a ki vivan, yo p'ap touye David.
I Sa Haitian 19:7  Jonatan rele David, li rapòte l' tout pawòl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sèvi wa a ankò jan li te konn fè anvan an.
I Sa Haitian 19:8  Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li.
I Sa Haitian 19:9  Yon jou Seyè a voye yon move lespri ki desann sou Sayil. Sayil te chita lakay li, li te kenbe frenn li nan men l'. David menm t'ap jwe mizik.
I Sa Haitian 19:10  Sayil t'ap chache kloure David nan miray la ak frenn li, men David eskive kò l', epi frenn lan al antre nan miray la. David kouri chape kò l'. Menm jou sa a, nan mitan lannwit,
I Sa Haitian 19:11  Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l' nan maten. Men, Mikal, madan David, avèti mari l'. Li di l': -Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri.
I Sa Haitian 19:12  Li fè David soti nan yon fennèt. David kouri, li chape kò l'.
I Sa Haitian 19:13  Lè sa a, Mikal pran yon zidòl wogatwa, li mete l' kouche sou kabann lan, li pran yon zòrye fèt ak plim kabrit, li mete l' nan plas tèt la, epi li kouvri tout ak yon dra.
I Sa Haitian 19:14  Lè moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad.
I Sa Haitian 19:15  Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y' al wè David ak je yo. Li di yo: -Mennen l' isit ban mwen ak tout kabann li an pou m' fè touye l'.
I Sa Haitian 19:16  Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidòl wogatwa a sou kabann lan ak zòrye plim kabrit la kote pou tèt la te ye a.
I Sa Haitian 19:17  Sayil di Mikal konsa: -Poukisa ou woule m' konsa? Ou kite lènmi mwen an chape. Mikal reponn li: -Li te di m' si m' pa kite l' chape, l'ap touye m'!
I Sa Haitian 19:18  David menm kouri chape kò l', l' al jwenn Samyèl lavil Rama. Li rakonte l' tou sa Sayil te fè l'. Apre sa, li menm ansanm ak Samyèl y' ale rete lavil Najòt.
I Sa Haitian 19:19  Y' al di Sayil men David te lavil Najòt nan zòn Rama a.
I Sa Haitian 19:20  Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
I Sa Haitian 19:21  Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
I Sa Haitian 19:22  Lè sa a, Sayil leve, l' ale li menm lavil Rama. Lè li rive bò gwo sitèn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyèl ak David ye. Yo di l' yo lavil Najòt nan zòn Rama a.
I Sa Haitian 19:23  Li pati dèyè yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tèt li tou. Li t'ap fè menm bagay ak pwofèt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najòt nan zòn Rama a.
I Sa Haitian 19:24  Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil gen lè pwofèt tou?