Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 26
Job Haitian 26:2  -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs!
Job Haitian 26:3  Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou!
Job Haitian 26:4  Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou?
Job Haitian 26:5  Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a.
Job Haitian 26:6  Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'.
Job Haitian 26:7  Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.
Job Haitian 26:8  Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo.
Job Haitian 26:9  Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj.
Job Haitian 26:10  Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa.
Job Haitian 26:11  Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.
Job Haitian 26:12  Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.
Job Haitian 26:13  Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.
Job Haitian 26:14  Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?