Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 20
Job Haitian 20:1  Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
Job Haitian 20:2  -Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou.
Job Haitian 20:3  Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.
Job Haitian 20:4  Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,
Job Haitian 20:5  mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
Job Haitian 20:6  Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,
Job Haitian 20:7  y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
Job Haitian 20:8  Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
Job Haitian 20:9  Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.
Job Haitian 20:10  Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
Job Haitian 20:11  Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
Job Haitian 20:12  Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.
Job Haitian 20:13  Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan.
Job Haitian 20:14  Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon.
Job Haitian 20:15  Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
Job Haitian 20:16  Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.
Job Haitian 20:17  Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
Job Haitian 20:18  L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.
Job Haitian 20:19  Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
Job Haitian 20:20  Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.
Job Haitian 20:21  Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.
Job Haitian 20:22  Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
Job Haitian 20:23  Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.
Job Haitian 20:24  Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.
Job Haitian 20:25  Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.
Job Haitian 20:26  Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.
Job Haitian 20:27  Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.
Job Haitian 20:28  Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.
Job Haitian 20:29  Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.