Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 17
Job Haitian 17:1  Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.
Job Haitian 17:2  Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.
Job Haitian 17:3  Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.
Job Haitian 17:4  Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.
Job Haitian 17:5  Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.
Job Haitian 17:6  Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!
Job Haitian 17:7  Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!
Job Haitian 17:8  Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.
Job Haitian 17:9  Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
Job Haitian 17:10  Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.
Job Haitian 17:11  Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.
Job Haitian 17:12  Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
Job Haitian 17:13  Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.
Job Haitian 17:14  Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.
Job Haitian 17:15  Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
Job Haitian 17:16  Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?