Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 34
Job Haitian 34:2  -Nou menm moun lespri yo, koute sa m'ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou!
Job Haitian 34:3  Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou.
Job Haitian 34:4  Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an kote pou l' ye a.
Job Haitian 34:5  Jòb pretann li nan dwa li, se Bondye ki derefize rann li jistis.
Job Haitian 34:6  Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal.
Job Haitian 34:7  Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè.
Job Haitian 34:8  Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo.
Job Haitian 34:9  Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye.
Job Haitian 34:10  Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.
Job Haitian 34:11  Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo.
Job Haitian 34:12  Non! Bondye pa janm fè sa ki mal. Bondye ki gen tout pouvwa a pa nan paspouki.
Job Haitian 34:13  Se pa yon lòt moun ki te bay Bondye pouvwa pou l' gouvènen latè, ni se pa yon lòt moun ki te mete tou sa ki egziste sou kont li.
Job Haitian 34:15  Si Bondye te kenbe souf ki bay lavi a pou tèt li, yon sèl kou a, bèt kou moun ta mouri. Yo ta tounen pousyè tè ankò.
Job Haitian 34:16  Si nou gen bon konprann, koute sa byen. Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap di.
Job Haitian 34:17  Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen?
Job Haitian 34:18  Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste.
Job Haitian 34:19  Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.
Job Haitian 34:20  Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li.
Job Haitian 34:21  L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo.
Job Haitian 34:22  Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè.
Job Haitian 34:23  Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo.
Job Haitian 34:24  Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo.
Job Haitian 34:25  Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'.
Job Haitian 34:26  Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè.
Job Haitian 34:27  Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo.
Job Haitian 34:28  Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.
Job Haitian 34:29  Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
Job Haitian 34:30  Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la.
Job Haitian 34:31  Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.
Job Haitian 34:32  Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.
Job Haitian 34:33  Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou.
Job Haitian 34:34  Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa:
Job Haitian 34:35  Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt.
Job Haitian 34:36  Egzaminen byen tou sa Jòb di la a. N'a wè li pale tankou yon moun ki mechan nan kè l'.
Job Haitian 34:37  Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans.