Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 12
Job Haitian 12:2  -Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!
Job Haitian 12:3  Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'.
Job Haitian 12:4  Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.
Job Haitian 12:5  Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.
Job Haitian 12:6  Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.
Job Haitian 12:7  Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.
Job Haitian 12:8  Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.
Job Haitian 12:9  Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.
Job Haitian 12:10  Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
Job Haitian 12:11  Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.
Job Haitian 12:12  Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.
Job Haitian 12:13  Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.
Job Haitian 12:14  Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.
Job Haitian 12:15  Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.
Job Haitian 12:16  Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.
Job Haitian 12:17  Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
Job Haitian 12:18  Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.
Job Haitian 12:19  Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!
Job Haitian 12:20  Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.
Job Haitian 12:21  Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.
Job Haitian 12:22  Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.
Job Haitian 12:23  Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt.
Job Haitian 12:24  Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.
Job Haitian 12:25  Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.