Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 100
Psal Haitian 100:1  Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.
Psal Haitian 100:2  Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!
Psal Haitian 100:3  Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.
Psal Haitian 100:4  Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!
Psal Haitian 100:5  Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.