Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 88
Psal Haitian 88:1  Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra.
Psal Haitian 88:2  Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!
Psal Haitian 88:3  Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.
Psal Haitian 88:4  Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri.
Psal Haitian 88:5  Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò.
Psal Haitian 88:6  Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
Psal Haitian 88:7  Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
Psal Haitian 88:8  Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.
Psal Haitian 88:9  Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
Psal Haitian 88:10  Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!
Psal Haitian 88:11  Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
Psal Haitian 88:12  Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
Psal Haitian 88:13  Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
Psal Haitian 88:14  Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
Psal Haitian 88:15  Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
Psal Haitian 88:16  Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
Psal Haitian 88:17  Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.
Psal Haitian 88:18  Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou. Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.