Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 96
Psal Haitian 96:1  Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!
Psal Haitian 96:2  Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
Psal Haitian 96:3  Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
Psal Haitian 96:4  Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.
Psal Haitian 96:5  Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
Psal Haitian 96:6  Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!
Psal Haitian 96:7  Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Psal Haitian 96:8  Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!
Psal Haitian 96:9  Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
Psal Haitian 96:10  Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.
Psal Haitian 96:11  Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.
Psal Haitian 96:12  Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,
Psal Haitian 96:13  lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.