Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 135
Psal Haitian 135:1  Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a,
Psal Haitian 135:2  nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!
Psal Haitian 135:3  Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.
Psal Haitian 135:4  Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.
Psal Haitian 135:5  Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.
Psal Haitian 135:6  Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.
Psal Haitian 135:7  Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a.
Psal Haitian 135:8  Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.
Psal Haitian 135:9  Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo.
Psal Haitian 135:10  Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa:
Psal Haitian 135:11  Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.
Psal Haitian 135:12  Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.
Psal Haitian 135:13  Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou!
Psal Haitian 135:14  Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo.
Psal Haitian 135:15  Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Psal Haitian 135:16  Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.
Psal Haitian 135:17  Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo.
Psal Haitian 135:18  Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
Psal Haitian 135:19  Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!
Psal Haitian 135:20  Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!
Psal Haitian 135:21  Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!