Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 94
Psal Haitian 94:1  Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye.
Psal Haitian 94:2  Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!
Psal Haitian 94:3  Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann?
Psal Haitian 94:4  Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?
Psal Haitian 94:5  Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.
Psal Haitian 94:6  Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.
Psal Haitian 94:7  Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!
Psal Haitian 94:8  Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann?
Psal Haitian 94:9  Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?
Psal Haitian 94:10  Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen?
Psal Haitian 94:11  Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen.
Psal Haitian 94:12  Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,
Psal Haitian 94:13  pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.
Psal Haitian 94:14  Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.
Psal Haitian 94:15  Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.
Psal Haitian 94:16  Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?
Psal Haitian 94:17  Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri.
Psal Haitian 94:18  Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè.
Psal Haitian 94:19  Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan.
Psal Haitian 94:20  Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?
Psal Haitian 94:21  Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.
Psal Haitian 94:22  Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon.
Psal Haitian 94:23  L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.