Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 129
Psal Haitian 129:1  Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
Psal Haitian 129:2  Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.
Psal Haitian 129:3  Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
Psal Haitian 129:4  Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
Psal Haitian 129:5  Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
Psal Haitian 129:6  Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
Psal Haitian 129:7  Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
Psal Haitian 129:8  Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!