Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 136
Psal Haitian 136:1  Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:2  Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:3  Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:4  Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:5  Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:6  L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:
Psal Haitian 136:7  Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:8  Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:9  Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:10  Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:11  Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:12  Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:13  Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:14  Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:15  Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:16  Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:17  Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:18  Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:19  Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:20  Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:21  Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:22  Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:23  Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:24  Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:25  Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psal Haitian 136:26  Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!