Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 95
Psal Haitian 95:1  Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!
Psal Haitian 95:2  Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
Psal Haitian 95:3  Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.
Psal Haitian 95:4  Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou.
Psal Haitian 95:5  Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'.
Psal Haitian 95:6  Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
Psal Haitian 95:7  Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:
Psal Haitian 95:8  -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.
Psal Haitian 95:9  Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
Psal Haitian 95:10  Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Psal Haitian 95:11  Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.