Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 77
Psal Haitian 77:1  Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf.
Psal Haitian 77:2  Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
Psal Haitian 77:3  Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
Psal Haitian 77:4  Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
Psal Haitian 77:5  Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
Psal Haitian 77:6  M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
Psal Haitian 77:7  Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
Psal Haitian 77:8  Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
Psal Haitian 77:9  Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
Psal Haitian 77:10  Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
Psal Haitian 77:11  Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?
Psal Haitian 77:12  Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.
Psal Haitian 77:13  M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!
Psal Haitian 77:14  Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
Psal Haitian 77:15  Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
Psal Haitian 77:16  Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
Psal Haitian 77:17  Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
Psal Haitian 77:18  Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.
Psal Haitian 77:19  Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.
Psal Haitian 77:20  Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase. Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.