Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 140
Psal Haitian 140:2  Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,
Psal Haitian 140:3  anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
Psal Haitian 140:4  Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
Psal Haitian 140:5  Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.
Psal Haitian 140:6  Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.
Psal Haitian 140:7  Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.
Psal Haitian 140:8  Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.
Psal Haitian 140:9  Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!
Psal Haitian 140:10  Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
Psal Haitian 140:11  Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
Psal Haitian 140:12  Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.
Psal Haitian 140:13  Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo. Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.