Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 29
Psal Haitian 29:1  Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Psal Haitian 29:2  Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
Psal Haitian 29:3  Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Psal Haitian 29:4  Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
Psal Haitian 29:5  Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
Psal Haitian 29:6  Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
Psal Haitian 29:8  Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
Psal Haitian 29:9  Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
Psal Haitian 29:10  Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
Psal Haitian 29:11  Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.