Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 51
Psal Haitian 51:1  Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a
Psal Haitian 51:2  lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba.
Psal Haitian 51:3  Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.
Psal Haitian 51:4  Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.
Psal Haitian 51:5  Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'.
Psal Haitian 51:6  Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
Psal Haitian 51:7  Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'.
Psal Haitian 51:8  Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non!
Psal Haitian 51:9  Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.
Psal Haitian 51:10  Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.
Psal Haitian 51:11  Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo.
Psal Haitian 51:12  O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Psal Haitian 51:13  Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
Psal Haitian 51:14  Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
Psal Haitian 51:15  Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.
Psal Haitian 51:16  Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.
Psal Haitian 51:17  Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.
Psal Haitian 51:18  Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo.
Psal Haitian 51:19  Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.