Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 146
Psal Haitian 146:1  Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a!
Psal Haitian 146:2  M'ap pase tout lavi m' ap fè lwanj Seyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.
Psal Haitian 146:3  Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.
Psal Haitian 146:4  Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.
Psal Haitian 146:5  Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l', pou moun ki mete tout espwa l' nan Seyè a, Bondye li!
Psal Haitian 146:6  Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.
Psal Haitian 146:7  Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
Psal Haitian 146:8  Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
Psal Haitian 146:9  Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
Psal Haitian 146:10  Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!