Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 23
Psal Haitian 23:1  Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Psal Haitian 23:2  Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.
Psal Haitian 23:3  Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
Psal Haitian 23:4  Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.
Psal Haitian 23:5  Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.
Psal Haitian 23:6  Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.