Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 35
Job Haitian 35:2  -Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye,
Job Haitian 35:3  lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen.
Job Haitian 35:4  Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo.
Job Haitian 35:5  Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou!
Job Haitian 35:6  Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen?
Job Haitian 35:7  Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a?
Job Haitian 35:8  Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.
Job Haitian 35:9  Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.
Job Haitian 35:10  Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj.
Job Haitian 35:11  Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la.
Job Haitian 35:12  Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.
Job Haitian 35:13  Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.
Job Haitian 35:14  Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li.
Job Haitian 35:15  Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen.
Job Haitian 35:16  Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.