Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
MATTHEW
Prev Up Next
Chapter 17
Matt Haitian 17:1  Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo.
Matt Haitian 17:2  Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.
Matt Haitian 17:3  Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi.
Matt Haitian 17:4  Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Met, sa bon nèt pou nou isit la. Si ou vle, m'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli.
Matt Haitian 17:5  Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li.
Matt Haitian 17:6  Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè.
Matt Haitian 17:7  Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di: Leve non, nou pa bezwen pè.
Matt Haitian 17:9  Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: Pa pale ak pesonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan nan lanmò.
Matt Haitian 17:10  Twa disip yo poze l' keksyon sa a: Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan?
Matt Haitian 17:11  Jezi reponn yo: Se vre. Eli gen pou l' vin anvan, pou l' mete tout bagay nan lòd.
Matt Haitian 17:12  Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pa t' rekonèt li, yo fè l' tou sa yo te vle. Se onsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a.
Matt Haitian 17:13  Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis.
Matt Haitian 17:14  Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di:
Matt Haitian 17:15  Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo.
Matt Haitian 17:16  Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li.
Matt Haitian 17:17  Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.
Matt Haitian 17:18  Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.
Matt Haitian 17:19  Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l' apa: Poukisa nou pa t' kapab chase move lespri sa a?
Matt Haitian 17:20  Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.
Matt Haitian 17:21  Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti.
Matt Haitian 17:22  Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm.
Matt Haitian 17:23  Yo pral touye m', men sou twa jou, m'ap leve soti vivan nan lanmò. Sa te fè disip yo lapenn anpil.
Matt Haitian 17:24  Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t'ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan?
Matt Haitian 17:25  Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l': Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje?
Matt Haitian 17:26  Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan.
Matt Haitian 17:27  Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.