Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 11
Job Haitian 11:1  Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
Job Haitian 11:2  -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.
Job Haitian 11:3  Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?
Job Haitian 11:4  Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!
Job Haitian 11:6  Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.
Job Haitian 11:7  Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
Job Haitian 11:8  Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?
Job Haitian 11:9  Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.
Job Haitian 11:10  Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?
Job Haitian 11:11  Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.
Job Haitian 11:12  Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.
Job Haitian 11:13  Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.
Job Haitian 11:14  Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.
Job Haitian 11:15  Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.
Job Haitian 11:16  W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.
Job Haitian 11:17  Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.
Job Haitian 11:18  Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.
Job Haitian 11:19  Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.
Job Haitian 11:20  Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.