Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 150
Psal Haitian 150:1  Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!
Psal Haitian 150:2  Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!
Psal Haitian 150:3  Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!
Psal Haitian 150:4  Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!
Psal Haitian 150:5  Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!
Psal Haitian 150:6  Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!