Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 120
Psal Haitian 120:1  Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.
Psal Haitian 120:2  Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.
Psal Haitian 120:3  Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?
Psal Haitian 120:4  Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?
Psal Haitian 120:5  Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.
Psal Haitian 120:6  Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!
Psal Haitian 120:7  Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.