Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 121
Psal Haitian 121:1  Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?
Psal Haitian 121:2  Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Psal Haitian 121:3  Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
Psal Haitian 121:4  Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
Psal Haitian 121:5  Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
Psal Haitian 121:6  Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
Psal Haitian 121:7  Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
Psal Haitian 121:8  L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.