Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 6
Psal Haitian 6:1  Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David.
Psal Haitian 6:2  Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
Psal Haitian 6:3  Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
Psal Haitian 6:4  Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
Psal Haitian 6:5  Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
Psal Haitian 6:6  Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
Psal Haitian 6:7  Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
Psal Haitian 6:8  Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
Psal Haitian 6:9  Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.
Psal Haitian 6:10  Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li. Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.