Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 14
Job Haitian 14:1  Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!
Job Haitian 14:2  Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase.
Job Haitian 14:3  Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'?
Job Haitian 14:4  Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun.
Job Haitian 14:5  Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.
Job Haitian 14:6  Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo.
Job Haitian 14:7  Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri.
Job Haitian 14:8  Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch,
Job Haitian 14:9  depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl.
Job Haitian 14:10  Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
Job Haitian 14:12  Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.
Job Haitian 14:13  Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò.
Job Haitian 14:14  Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.
Job Haitian 14:15  Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.
Job Haitian 14:16  Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal.
Job Haitian 14:17  Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.
Job Haitian 14:18  Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann.
Job Haitian 14:19  Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun.
Job Haitian 14:20  Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.
Job Haitian 14:21  Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.
Job Haitian 14:22  Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!