Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
I CHRONICLES
Prev Up Next
Chapter 24
I Ch Haitian 24:1  Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
I Ch Haitian 24:2  Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon.
I Ch Haitian 24:3  Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo.
I Ch Haitian 24:4  Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo.
I Ch Haitian 24:5  Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun.
I Ch Haitian 24:6  Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama.
I Ch Haitian 24:7  Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm,
I Ch Haitian 24:19  Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay.
I Ch Haitian 24:20  Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl,
I Ch Haitian 24:22  Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt.
I Ch Haitian 24:23  Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan.
I Ch Haitian 24:24  Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche.
I Ch Haitian 24:25  Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija,
I Ch Haitian 24:26  Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari.
I Ch Haitian 24:27  Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri.
I Ch Haitian 24:28  Makli te gen de pitit gason: Eleaza ki pa t' gen pitit gason,
I Ch Haitian 24:30  Mouchi te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt. Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo.
I Ch Haitian 24:31  Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.