PROVERBS
Chapter 18
Prov | Haitian | 18:1 | Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy. | |
Prov | Haitian | 18:2 | Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri. | |
Prov | Haitian | 18:4 | Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan. | |
Prov | Haitian | 18:5 | Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis. | |
Prov | Haitian | 18:6 | Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou. | |
Prov | Haitian | 18:7 | Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li. | |
Prov | Haitian | 18:10 | Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon. | |
Prov | Haitian | 18:11 | Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo. | |
Prov | Haitian | 18:13 | Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont. | |
Prov | Haitian | 18:14 | Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li? | |
Prov | Haitian | 18:15 | Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou. | |
Prov | Haitian | 18:17 | Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba. | |
Prov | Haitian | 18:19 | Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt. | |
Prov | Haitian | 18:22 | Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'. | |
Prov | Haitian | 18:23 | Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun. | |