PROVERBS
Chapter 16
| Prov | Haitian | 16:2 | Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo. | |
| Prov | Haitian | 16:4 | Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'. | |
| Prov | Haitian | 16:5 | Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa. | |
| Prov | Haitian | 16:6 | Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal. | |
| Prov | Haitian | 16:7 | Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'. | |
| Prov | Haitian | 16:8 | Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal. | |
| Prov | Haitian | 16:10 | Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman. | |
| Prov | Haitian | 16:11 | Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès. | |
| Prov | Haitian | 16:12 | Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun. | |
| Prov | Haitian | 16:14 | Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan. | |
| Prov | Haitian | 16:15 | Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan. | |
| Prov | Haitian | 16:16 | Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan. | |
| Prov | Haitian | 16:17 | Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal. | |
| Prov | Haitian | 16:19 | Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò. | |
| Prov | Haitian | 16:20 | Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a! | |
| Prov | Haitian | 16:21 | Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans. | |
| Prov | Haitian | 16:23 | Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz. | |
| Prov | Haitian | 16:27 | Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife. | |
| Prov | Haitian | 16:30 | Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou. | |
| Prov | Haitian | 16:32 | Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil. | |