Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PROVERBS
Prev Up Next
Chapter 6
Prov Haitian 6:1  Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete,
Prov Haitian 6:2  si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou,
Prov Haitian 6:3  ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout.
Prov Haitian 6:5  Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè.
Prov Haitian 6:6  Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.
Prov Haitian 6:7  Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd.
Prov Haitian 6:8  Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la.
Prov Haitian 6:9  Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi?
Prov Haitian 6:10  W'ap di: Kite m' fè yon ti dòmi. Kite m' fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m' pou m' pran yon ti repo.
Prov Haitian 6:11  Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen.
Prov Haitian 6:12  Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou.
Prov Haitian 6:13  Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo.
Prov Haitian 6:14  Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.
Prov Haitian 6:15  Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò.
Prov Haitian 6:16  Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:
Prov Haitian 6:17  Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan,
Prov Haitian 6:18  se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal,
Prov Haitian 6:19  se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.
Prov Haitian 6:20  Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.
Prov Haitian 6:21  Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye.
Prov Haitian 6:22  Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè.
Prov Haitian 6:23  Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.
Prov Haitian 6:24  Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.
Prov Haitian 6:25  Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.
Prov Haitian 6:26  Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen.
Prov Haitian 6:27  Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule.
Prov Haitian 6:28  Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule.
Prov Haitian 6:29  Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa.
Prov Haitian 6:30  Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa.
Prov Haitian 6:31  Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li.
Prov Haitian 6:32  Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.
Prov Haitian 6:33  L'ap pran baton. Y'ap pase l' anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l' fè a.
Prov Haitian 6:34  Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'.
Prov Haitian 6:35  Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa.