Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PROVERBS
Prev Up Next
Chapter 3
Prov Haitian 3:1  Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.
Prov Haitian 3:2  Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
Prov Haitian 3:3  Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
Prov Haitian 3:4  Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen.
Prov Haitian 3:5  Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
Prov Haitian 3:6  Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
Prov Haitian 3:7  Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.
Prov Haitian 3:8  Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
Prov Haitian 3:9  Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
Prov Haitian 3:10  Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
Prov Haitian 3:11  Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje.
Prov Haitian 3:12  Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
Prov Haitian 3:13  Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
Prov Haitian 3:14  Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
Prov Haitian 3:15  Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
Prov Haitian 3:16  Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
Prov Haitian 3:17  L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.
Prov Haitian 3:18  Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
Prov Haitian 3:19  Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li.
Prov Haitian 3:20  Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè.
Prov Haitian 3:21  Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.
Prov Haitian 3:22  Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
Prov Haitian 3:23  W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
Prov Haitian 3:24  Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
Prov Haitian 3:25  Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.
Prov Haitian 3:26  Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
Prov Haitian 3:27  Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
Prov Haitian 3:28  Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
Prov Haitian 3:29  Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.
Prov Haitian 3:30  Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.
Prov Haitian 3:31  Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.
Prov Haitian 3:32  Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.
Prov Haitian 3:33  Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.
Prov Haitian 3:34  Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.
Prov Haitian 3:35  Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.