PROVERBS
Chapter 3
| Prov | Haitian | 3:1 | Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou. | |
| Prov | Haitian | 3:3 | Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. | |
| Prov | Haitian | 3:6 | Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran. | |
| Prov | Haitian | 3:7 | Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal. | |
| Prov | Haitian | 3:8 | Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè. | |
| Prov | Haitian | 3:9 | Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou. | |
| Prov | Haitian | 3:11 | Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. | |
| Prov | Haitian | 3:12 | Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la. | |
| Prov | Haitian | 3:14 | Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. | |
| Prov | Haitian | 3:15 | Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li. | |
| Prov | Haitian | 3:16 | Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou. | |
| Prov | Haitian | 3:19 | Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li. | |
| Prov | Haitian | 3:21 | Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo. | |
| Prov | Haitian | 3:25 | Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou. | |
| Prov | Haitian | 3:28 | Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy! | |
| Prov | Haitian | 3:29 | Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal. | |
| Prov | Haitian | 3:32 | Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo. | |
| Prov | Haitian | 3:33 | Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo. | |
| Prov | Haitian | 3:34 | Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo. | |