Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
EZRA
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10
Prev Up Next
Chapter 10
Ezra Haitian 10:1  Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.
Ezra Haitian 10:2  Le sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa: -Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la.
Ezra Haitian 10:3  Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè.
Ezra Haitian 10:4  Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan!
Ezra Haitian 10:5  Lè sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre.
Ezra Haitian 10:6  Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo.
Ezra Haitian 10:7  Yo fè yon piblikasyon nan tout peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm, pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm.
Ezra Haitian 10:8  Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.
Ezra Haitian 10:9  Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè.
Ezra Haitian 10:10  Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo: -Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la.
Ezra Haitian 10:11  Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm.
Ezra Haitian 10:12  Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè!
Ezra Haitian 10:13  Men pèp la anpil. Se sezon lapli. Nou pa ka rete deyò a konsa. Epitou, se pa bagay k'ap pran yon jou osinon de jou, paske gen anpil nan nou ki koupab nan zafè sa a.
Ezra Haitian 10:14  Se pou chèf nou yo rete isit la nan plas nou pou regle bagay la. Nan dat y'a fikse a, tout moun nan peyi a ki marye ak yon fanm lòt nasyon va vin parèt devan yo. Chèf fanmi yo ak jij k'ap dirije lavil kote moun lan rete a va vin avè l'. Konsa konsa, jouk kòlè Bondye ki te tonbe sou nou poutèt bagay sa a va bese.
Ezra Haitian 10:15  Tout moun te dakò esepte Jonatan, pitit gason Asayèl, ak Jaksya, pitit gason Tikva a, ki te kont. Machoulam ak Chabtayi, yon moun Levi, te pran pozisyon ak yo tou.
Ezra Haitian 10:16  Men, moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a te dakò ak sa yo te mande yo fè a. Esdras, prèt la, fè chwazi kèk moun ki te chèf branch fanmi pou ede l' nan travay la. Li pran non yo sou lis. Epi se konsa, depi premye jou dizyèm mwa a yo chita nan tribinal, y'ap egzaminen ka chak moun yonn apre lòt.
Ezra Haitian 10:17  Apre twa mwa, jou pou jou, lè premye jou premye mwa a rive, yo te fin regle zafè tout moun ki te marye ak fanm lòt nasyon yo.
Ezra Haitian 10:18  Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.
Ezra Haitian 10:19  Yo fè sèman y'ap ranvwaye madanm yo, epi yo ofri yon belye mouton bay Seyè a pou mande li padon pou fòt yo te fè a.
Ezra Haitian 10:21  Nan branch fanmi Arim lan, te gen Maseja, Elija, Chemaja, Jeyèl ak Ouzya.
Ezra Haitian 10:22  Nan branch fanmi Pachou an, te gen Elyeyoenayi, Maseja, Jichmayèl, Netaneyèl, Jozabad ak Eleaza.
Ezra Haitian 10:23  Pami moun Levi yo, te gen Jozabad, Chimeyi, Kelaya (yo te rele l' Kelita tou), Petaja, Jeouda ak Elyezè.
Ezra Haitian 10:24  Pami sanba yo, te gen Elijachib. Pami gad tanp yo, te gen Chaloum, Telèm ak Ouri.
Ezra Haitian 10:25  Pami rès pèp la, nan branch fanmi Pareòch la, te gen Ramya, Jizija, Malkija, Mijamen, Eleaza, Malkija ak Benaja.
Ezra Haitian 10:26  Nan branch fanmi Elam lan, te gen Natanya, Zekarya, Jeyèl, Abdi, Jeremòt ak Elija.
Ezra Haitian 10:27  Nan branch fanmi Zatou a, te gen Elyeyoenayi, Elyachib, Matanya, Jeremòt, Zabad ak Azisa.
Ezra Haitian 10:28  Nan branch fanmi Bebayi a, te gen Yokanan, Ananya, Zabayi a ak Atlayi.
Ezra Haitian 10:29  Nan branch fanmi Bani an, te gen Mechoulam, Malouk, Adaja, Jachoub, Cheal ak Jeramòt.
Ezra Haitian 10:30  Nan branch fanmi Pakat m'oab la, te gen Adna, Kelal, Benaja, Machiya, Matanya, Bezaleyèl, Bennwi ak Manase.
Ezra Haitian 10:31  Nan branch fanmi Arim lan, te gen Elyezè, Jichija, Malkija, Chemaja, Simeyon,
Ezra Haitian 10:33  Nan branch fanmi Achoum lan, te gen Matenayi, Matata. Zabab, Elifelèt, Jeremayi, Manase ak Chimèyi.
Ezra Haitian 10:34  Nan branch fanmi Bani an, te gen Madayi, Amram, Ourèl,
Ezra Haitian 10:43  Nan branch fanmi Nebo a te gen Jeyèl, Matitya, Zabab, Zebina, Jadayi, Joèl ak Benaja.
Ezra Haitian 10:44  Tout mesye sa yo te marye ak fanm lòt nasyon. Yo ranvwaye medam yo ansanm ak tout pitit yo te fè pou yo.