EZRA
Chapter 2
Ezra | Haitian | 2:1 | Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn. | |
Ezra | Haitian | 2:2 | Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi: | |
Ezra | Haitian | 2:21 | Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm, sanvenntwa (123) moun. | |
Ezra | Haitian | 2:25 | Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa (743) moun. | |
Ezra | Haitian | 2:36 | Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki soti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun. | |
Ezra | Haitian | 2:40 | Men lis moun Levi ki te tounen yo: Nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl, ki soti nan branch fanmi Odavya a, swasannkatòz moun. | |
Ezra | Haitian | 2:41 | Te gen sanvenntwit (128) sanba ki konn chante ak fè mizik nan tanp lan ki te tounen. Yo soti nan branch fanmi Asaf. | |
Ezra | Haitian | 2:42 | Te gen santrantnèf (139) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan. Yo soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi. | |
Ezra | Haitian | 2:43 | Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt, | |
Ezra | Haitian | 2:55 | Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda, | |
Ezra | Haitian | 2:57 | moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt Azebayim ak moun fanmi Ami. | |
Ezra | Haitian | 2:58 | Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevendouz (392). | |
Ezra | Haitian | 2:59 | Men, te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, lavil Imè ki te moun nan peyi Babilòn epi ki te moute ansanm ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou wè si yo te fè pati pèp Izrayèl la vre. | |
Ezra | Haitian | 2:60 | Se te pitit Delaya, pitit Tobija ak pitit Nekoda: antou sisansenkannde (652) moun. | |
Ezra | Haitian | 2:61 | Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Abaya, moun fanmi Akòz ak moun fanmi Bazilayi. Zansèt Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo. | |
Ezra | Haitian | 2:62 | Sa ki pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo, yo pa t' asepte yo pou prèt. | |
Ezra | Haitian | 2:63 | Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle. | |
Ezra | Haitian | 2:65 | Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè misik ak chante. | |
Ezra | Haitian | 2:68 | Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a. | |
Ezra | Haitian | 2:69 | Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (16.520) ons lò, sandisètmil (117.000) ons ajan ak san (100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo. | |