Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
GENESIS
Prev Up Next
Chapter 21
Gene Haitian 21:1  Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre.
Gene Haitian 21:2  Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la.
Gene Haitian 21:3  Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.
Gene Haitian 21:4  Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la.
Gene Haitian 21:5  Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.
Gene Haitian 21:6  Sara di konsa. Bondye fè m' bagay ki fè m' ri. tout moun ki tande sa pral ri avè m' tou.
Gene Haitian 21:7  Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.
Gene Haitian 21:8  Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l' la, Abraram fè yon gwo fèt.
Gene Haitian 21:9  Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa.
Gene Haitian 21:10  Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
Gene Haitian 21:11  Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil, paske Izmayèl te pitit li tou.
Gene Haitian 21:12  Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.
Gene Haitian 21:13  M'ap bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M'ap fè l' tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou.
Gene Haitian 21:14  Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.
Gene Haitian 21:15  Lè dlo nan sak la fini, li kite pitit la anba yon touf raje.
Gene Haitian 21:16  li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l' -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele.
Gene Haitian 21:17  Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l' konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la.
Gene Haitian 21:18  Leve non, pran ti pitit la, kenbe l'. M'ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
Gene Haitian 21:19  Bondye louvri je Aga. Aga wè yon pi. li ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l'.
Gene Haitian 21:20  Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès.
Gene Haitian 21:21  Se nan dezè Paran li te rete. Manman l' te chwazi yon madanm pou li nan jenn fi peyi Lejip yo.
Gene Haitian 21:22  Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè.
Gene Haitian 21:23  Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
Gene Haitian 21:25  Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs.
Gene Haitian 21:26  Abimelèk di l' -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t' janm di m' anyen sou sa. Se koulye a m'ap tande koze a.
Gene Haitian 21:27  Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt.
Gene Haitian 21:28  Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l' yo, li mete yo sou kote.
Gene Haitian 21:29  Abimelèk mande l' -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote.
Gene Haitian 21:30  Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a.
Gene Haitian 21:31  Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt.
Gene Haitian 21:32  Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a.
Gene Haitian 21:33  Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.
Gene Haitian 21:34  Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.