Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 27
Psal Haitian 27:1  Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
Psal Haitian 27:2  Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
Psal Haitian 27:3  Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.
Psal Haitian 27:4  Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
Psal Haitian 27:5  Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.
Psal Haitian 27:6  Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a.
Psal Haitian 27:7  Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
Psal Haitian 27:8  Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
Psal Haitian 27:9  Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'.
Psal Haitian 27:10  Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.
Psal Haitian 27:11  Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'.
Psal Haitian 27:12  Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
Psal Haitian 27:13  Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.
Psal Haitian 27:14  Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!