Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PROVERBS
Prev Up Next
Chapter 4
Prov Haitian 4:1  Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.
Prov Haitian 4:2  Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.
Prov Haitian 4:3  Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.
Prov Haitian 4:4  Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.
Prov Haitian 4:5  Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.
Prov Haitian 4:6  Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.
Prov Haitian 4:7  Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
Prov Haitian 4:8  renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou.
Prov Haitian 4:9  Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.
Prov Haitian 4:10  Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.
Prov Haitian 4:11  Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.
Prov Haitian 4:12  Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.
Prov Haitian 4:13  Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.
Prov Haitian 4:14  Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.
Prov Haitian 4:15  Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.
Prov Haitian 4:16  Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
Prov Haitian 4:17  Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.
Prov Haitian 4:18  Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
Prov Haitian 4:19  Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
Prov Haitian 4:20  Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.
Prov Haitian 4:21  Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.
Prov Haitian 4:22  Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
Prov Haitian 4:23  Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
Prov Haitian 4:24  Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.
Prov Haitian 4:25  Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.
Prov Haitian 4:26  Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.
Prov Haitian 4:27  Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.