PROVERBS
Chapter 7
Prov | Haitian | 7:2 | Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou. | |
Prov | Haitian | 7:5 | Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd. | |
Prov | Haitian | 7:7 | Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou. | |
Prov | Haitian | 7:8 | Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan. | |
Prov | Haitian | 7:10 | Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li. | |
Prov | Haitian | 7:11 | Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li. | |
Prov | Haitian | 7:13 | Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l': | |
Prov | Haitian | 7:14 | Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an. | |
Prov | Haitian | 7:16 | Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen. | |
Prov | Haitian | 7:17 | Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li. | |
Prov | Haitian | 7:18 | Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou. | |
Prov | Haitian | 7:21 | Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte. | |
Prov | Haitian | 7:22 | Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen | |
Prov | Haitian | 7:23 | k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje. | |