Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
LUKE
Prev Up Next
Chapter 17
Luke Haitian 17:1  Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.
Luke Haitian 17:2  Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' epi yo voye l' jete nan lanmè; wi, sa ta pi bon pou li pase pou l' ta lakòz yonn nan ti piti sa yo tonbe nan peche.
Luke Haitian 17:3  Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li.
Luke Haitian 17:4  Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
Luke Haitian 17:5  Apòt yo di Jezi: Fè nou gen plis konfyans non.
Luke Haitian 17:6  Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou.
Luke Haitian 17:7  Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tè l' osinon k'ap gade mouton pou li. Lè domestik la soti nan jaden, èske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje.
Luke Haitian 17:8  Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m' pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m' fin manje, ou menm wa manje, wa bwè.
Luke Haitian 17:9  Li pa gen mèsi pou l' di domestik la paske domestik la fè sa l' te mande l' fè a, pa vre.
Luke Haitian 17:10  Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n' di: Se domestik nou ye, nou fè sa n' te dwe fè.
Luke Haitian 17:11  Pandan Jezi te nan chemen pou li al Jerizalèm, li t'ap pase sou fwontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile.
Luke Haitian 17:12  Antan l' t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l',
Luke Haitian 17:13  yo pale byen fò, yo di l' konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou.
Luke Haitian 17:14  Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri.
Luke Haitian 17:15  Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande.
Luke Haitian 17:16  Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari.
Luke Haitian 17:17  Jezi pran lapawòl, li di l': Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo?
Luke Haitian 17:18  Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l' vin fè lwanj Bondye?
Luke Haitian 17:19  Epi li di li: Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
Luke Haitian 17:20  Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l' lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l' lan yon jan pou tout moun wè li.
Luke Haitian 17:21  Men, yo p'ap di: Men l' bò isit, osinon: Men l' bò laba. Paske, konnen sa byen, gouvenman Bondye a la nan mitan nou.
Luke Haitian 17:22  Epi li di disip yo: Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa.
Luke Haitian 17:23  Y'a di nou: Gade, men l' bò isit, osinon: Gade, men l' bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo.
Luke Haitian 17:24  Lè yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l' va rive.
Luke Haitian 17:25  Men, anvan sa, li gen pou l' soufri anpil, moun alèkile yo p'ap vle wè li.
Luke Haitian 17:26  Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini.
Luke Haitian 17:27  Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout.
Luke Haitian 17:28  Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati.
Luke Haitian 17:29  Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri.
Luke Haitian 17:30  Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.
Luke Haitian 17:31  Jou sa a, moun ki va sou tèt kay p'ap bezwen desann anndan kay la ale pran zafè li. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay ankò.
Luke Haitian 17:33  Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.
Luke Haitian 17:34  M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
Luke Haitian 17:35  Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
Luke Haitian 17:36  Va gen dezòm nan yon menm jaden; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
Luke Haitian 17:37  Disip yo pran lapawòl, yo mande l' konsa: Ki kote sa pral fèt, Mèt? Li reponn yo: Kote kadav la va ye, se la votou yo va sanble.