Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PROVERBS
Prev Up Next
Chapter 12
Prov Haitian 12:1  Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.
Prov Haitian 12:2  Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan.
Prov Haitian 12:3  Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen.
Prov Haitian 12:4  Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
Prov Haitian 12:5  Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou.
Prov Haitian 12:6  Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje.
Prov Haitian 12:7  Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la.
Prov Haitian 12:8  Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan.
Prov Haitian 12:9  Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou.
Prov Haitian 12:10  Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray.
Prov Haitian 12:11  Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye.
Prov Haitian 12:12  Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo.
Prov Haitian 12:13  Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa.
Prov Haitian 12:14  Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.
Prov Haitian 12:15  Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
Prov Haitian 12:16  Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann.
Prov Haitian 12:17  Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje.
Prov Haitian 12:18  Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.
Prov Haitian 12:19  Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
Prov Haitian 12:20  Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan.
Prov Haitian 12:21  Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.
Prov Haitian 12:22  Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.
Prov Haitian 12:23  Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
Prov Haitian 12:24  Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.
Prov Haitian 12:25  Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.
Prov Haitian 12:26  Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.
Prov Haitian 12:27  Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li.
Prov Haitian 12:28  Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.