Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 28
Job Haitian 28:1  Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.
Job Haitian 28:2  Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.
Job Haitian 28:3  Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.
Job Haitian 28:4  Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo.
Job Haitian 28:5  Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde.
Job Haitian 28:6  Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.
Job Haitian 28:7  Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'.
Job Haitian 28:8  Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.
Job Haitian 28:9  Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.
Job Haitian 28:10  Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.
Job Haitian 28:11  Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache.
Job Haitian 28:12  Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
Job Haitian 28:13  Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.
Job Haitian 28:14  Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.
Job Haitian 28:15  Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.
Job Haitian 28:16  Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.
Job Haitian 28:17  Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò.
Job Haitian 28:18  Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.
Job Haitian 28:19  Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.
Job Haitian 28:20  Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
Job Haitian 28:21  Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.
Job Haitian 28:22  Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'.
Job Haitian 28:23  Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.
Job Haitian 28:24  Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la.
Job Haitian 28:25  Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a,
Job Haitian 28:26  lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde,
Job Haitian 28:27  se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.
Job Haitian 28:28  Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.