Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
MARK
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16
Prev Up Next
Chapter 13
Mark Haitian 13:1  Antan Jezi t'ap soti nan tanp lan, yonn nan disip li yo di l' konsa: -Mèt, gade. Ala de bèl wòch! Ala yon gwo batisman!
Mark Haitian 13:2  Jezi reponn li: -Ou wè gwo batisman sa a: yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Mark Haitian 13:3  Jezi te chita sou mòn Oliv la, vizaviz ak tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te pou kont yo avèk li. Yo poze l' keksyon sa a:
Mark Haitian 13:4  -Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive?
Mark Haitian 13:5  Lè sa a Jezi pran di yo: -Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.
Mark Haitian 13:6  Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.
Mark Haitian 13:7  Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
Mark Haitian 13:8  Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
Mark Haitian 13:9  Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo.
Mark Haitian 13:10  Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.
Mark Haitian 13:11  Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.
Mark Haitian 13:12  Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.
Mark Haitian 13:13  Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.
Mark Haitian 13:14  Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn.
Mark Haitian 13:15  Moun ki va sou tèt kay yo va kouri met deyò san yo p'ap bezwen antre pran zafè yo.
Mark Haitian 13:16  Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo.
Mark Haitian 13:17  Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo.
Mark Haitian 13:18  Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi.
Mark Haitian 13:19  Paske lè sa a, n'a wè yon lafliksyon moun poko janm wè, depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè jouk koulye a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.
Mark Haitian 13:20  Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.
Mark Haitian 13:21  Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li.
Mark Haitian 13:22  Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
Mark Haitian 13:23  Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.
Mark Haitian 13:24  Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè.
Mark Haitian 13:25  Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble.
Mark Haitian 13:26  Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.
Mark Haitian 13:27  m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.
Mark Haitian 13:28  Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen lete sou nou.
Mark Haitian 13:29  Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.
Mark Haitian 13:30  Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
Mark Haitian 13:31  Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
Mark Haitian 13:32  Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
Mark Haitian 13:33  Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.
Mark Haitian 13:34  Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi.
Mark Haitian 13:35  Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.
Mark Haitian 13:36  Si l' rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi.
Mark Haitian 13:37  Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.