Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 6
Job Haitian 6:2  -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,
Job Haitian 6:3  yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a.
Job Haitian 6:4  Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
Job Haitian 6:5  Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.
Job Haitian 6:6  Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.
Job Haitian 6:7  Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen.
Job Haitian 6:8  Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan!
Job Haitian 6:9  Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen!
Job Haitian 6:10  Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.
Job Haitian 6:11  Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè?
Job Haitian 6:13  Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou.
Job Haitian 6:14  Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.
Job Haitian 6:15  Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.
Job Haitian 6:16  Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.
Job Haitian 6:17  Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.
Job Haitian 6:18  Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.
Job Haitian 6:19  Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.
Job Haitian 6:20  Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.
Job Haitian 6:21  Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè.
Job Haitian 6:22  Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?
Job Haitian 6:23  Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri?
Job Haitian 6:24  Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.
Job Haitian 6:25  Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.
Job Haitian 6:26  Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa?
Job Haitian 6:27  Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.
Job Haitian 6:28  Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti.
Job Haitian 6:29  Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann.
Job Haitian 6:30  Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?