Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 132
Psal Haitian 132:1  Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.
Psal Haitian 132:2  Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:
Psal Haitian 132:3  -Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,
Psal Haitian 132:4  mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',
Psal Haitian 132:5  toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.
Psal Haitian 132:6  Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.
Psal Haitian 132:7  Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.
Psal Haitian 132:8  Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.
Psal Haitian 132:9  Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
Psal Haitian 132:10  Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.
Psal Haitian 132:11  Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.
Psal Haitian 132:12  Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.
Psal Haitian 132:13  Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
Psal Haitian 132:14  Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.
Psal Haitian 132:15  M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.
Psal Haitian 132:16  M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.
Psal Haitian 132:17  Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.
Psal Haitian 132:18  M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.